Sports

Yon nouvo komite pral jere parc Levelt nan Senmak

Apre anpil tansyon ant ansyen jwè e dirijan COGEPAL nan peryòd chanpyona vakans ki te òganize sou parc Levelt . Nan jou ki te lendi 11 oktòb la, yon nouvo komite prensipalman fòme ak ansyen foutbolè pran plas pou jere tèren an.

Yon komite ki pran plas aprè yon akò ki te siyen ant 2 pati opoze yo nan komisarya Senmak la avan final chanpyona (Mondyal Pam) a. Si ansyen komite a te bay yon delè 8 jou pou li te sede plas li ak yon nouvo, pasasyon an fèt aprè prèske yon mwa kote nouvo komite a pran plas sou tèren an devan jij Jacques Edouard akonpaye ak yon mandatè meri Senmak la.

Komite a fòme ak:
-Coordonnateur Général Paulson Valcin
-Coordonnateur Adjoint Lionel DMeza
-Secrétaire Général Peter Germain
-Secrétaire Général Adjoint Hervé Beneche
-Administrateur Gerald Benjamin
-Conseiller Principal Marc-Richard Lafalaise
-Délégué Jacques Steeve Hyacinthe
-Responsable Technique Ronald Genescar
-Trésorier Benglo Jean
-Membre Conrad Michel Destin
-Membre Frantz Laguerre
– Attaché de presse Patrick Estimé

Toutfwa, komite sa a bò kote kèk manb nan ansyen an pa valid puiske se federason foutbòl ayisyen an ki gen otorite pou plase nouvo komite pou jere tèren an . Sa ki ta vle di ke akò ki te pote siyati Lys Scott Destin youn nan manb ansyen komite a pa ta valab pou rann enstalasyon nouvo komite a efektif.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button