Sports

Si nan lot spor ki an Haiti yo pa ka pwan meday, ebyen pou Natation li minm sanblé chak jou se broté lap broté meday nan mond la à travers Athletes li yo.

Davidson Vincent fek so't pwan 2 médailles pou Haiti. Youn nan 50m papillon, yon lot nan 100m Nage libre. Akoz de moyen Financier, selman Davidson ki te representer Haiti a Porto Rico nan Competition de Kalification pou Fukuaka, Japon 2023.

Ankor mwen vlé insisté sou sa:
l’Etat a travers Ministère des Sports, Comité Olympik bezwen assumé responsabilité yo. Yo pa dwé ap fè politic avek Spor wa. Mwen kwè ke dirijan nou yo pa guin volonté pou fè Spor wa avansé vré en Haiti. Yo sou blof!!
Se depi en 1928 wi nou pwan yon meday nan Jeux Olympik avek Sylvio Cator. Tandike laka’y vwazin an, et nan Caraibe la, chak Jeux Okympik yap pwan meday nan Jeux Olympik. Comité Olympik paka amuzé li se selman lè guin Jeux Olympik pou achté biyet davion pou Athlètes al fè defilé san yo pa dépansé yon santime pou preparation. Mezanmi Spor wa paka fèt konsa.
D’après s’am apwan’n Ministère des Sports ki te kon’n ba’y Federation yo yon ti kontribution de 500.000 Gourdes ki pat minm sufit pou achté yon 3 billets pou aller en Europe, sa deja fè plus ke 4 ans depi yo pa bay angnin.
Bon mezanmi ki rol Ministère sport ak komité Olympik minm? Moun yo chita ap fè politic selman. Pito’m fè silens. Sinon ma fè tansyon. Antouka Federation Aquatik, FINA, Parents, Athlètes, Compliments pou gwo travay nap fè nan mond Natation an.
Nap raple nou Federation Sports Aquatiques la guin’yin nan tèt li Dr. Evenel Mervilus, President, Dr. Mendelssohn Maurice Secrétaire Général, Mme. Ruby King Tresorière, ensuite les autres Membres Executifs.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button