Politics

Kominsè gouvenman nan Pakè Tribinal Sivil Okap la met Richemont Florival fè konnen apati mekredi 13 oktob 2021 an pap gen sitirans ni tolerans

Kominsè gouvenman nan Pakè Tribinal Sivil Okap la met Richemont Florival fè konnen apati mekredi 13 oktob 2021 an pap gen sitirans ni tolerans ni tete lang ak moun lapolis ak lajistis arete nan vann gaz atè a. Se pap 6 jou prizon ak 5 mil goud amand anko men se soti 6 mwa prizon pou piti jiska 5 lane pou pi gwo Pèn ak yon amand soti 25.000 goud pou pi piti rive 100.000 goud pou pi gwo. Met Richemont di konyea tout moun lapolis arete kap vann gaz atè nan galon ap jije nomalman e pinga pyes otorite vinn fè demach pou lage yon moun. Chef Pakè Okap la lonje dwet sou ponpis yo li di ki ta se veritab moun kap profite de trafik vann gaz nan mache nwa. Li mande pou tout estasyon gaz yo vann an menm tan pou evite gen rate. Se yon lwa depi sou prezidan Dumarsais Estimé depi lane 1946 met la rale pou montre pwovizyon légal la lwa ba li pou li aji. Pou fini met Richemont Florival di se pi gwo Pèn nan ministè piblik ap toujou mande kont trafikan nan mache nwa gaz yo. Lè nou mande met Richemont Florival sa yo fè ak gaz yo sezi apre operasyon yo li fè konnen yo bay lapolis ak lot biwo leta pou yo sèvi.
Crédit: Yvan Martin Jasmin
Horizon Info

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button