Politics

lèt tou louvri polisye Abelson Gros Nègre ki fèmen nan prizon depi plizyè mwa voye bay Direktè jeneral Police Nationale d’Haiti – PNH , Léon Charles, ansanm ak otorite jidisyè yo.

Mwen koube m pou m salye chak grenn ayisyen konsekan, fanmi m, zanmi m, militan konsekan, Avoka ak jounalis ki te toujou ap swiv mwen nan batay pou kreye yon Sendika nan PNH la ki se yon dwa konstitisyonèl, yon fason pou polisye yo mye ankadre nan egzije otorite yo reponn ak bezwen polisye yo pou yo pi efikas nan travay yo kòm polisye nan Pwoteje ak Sèvi popilasyon an san distenksyon. Pandan 12 ane m nan PNH la, mwen potko yon fwa sou sanksyon ni nan al reponn kesyon nan IGPNH kòm yon polisye ki gen move konpòtman nan enstitisyon an. Depi lè DG Léon Charles vin nan tèt PNH la nan yon rankont avè w DG Léon, èske w raple w ou te di m: Abelson Gros Negre depi USA map swiv ou, poukisa w renmen polisye konsa? Poukisa malgre revokasyon w, ou kontinye ap batay pou polisye yo? Mwen te reponn ou, mwen revoke politikman nan PNH la pou konviksyon m, men map kontinye batay la kòm Sendikalis jis leta reponn ak bezwen polisye yo pou yo plis efikas nan djòb yo paske m pap fè karyè m nan PNH la, men demen, pitit mwen, lòt fanmi m ak zanmi m e menm pitit pitit ou ka bezwen PNH la, donk fòk nou sove bèl enstitisyon prestijyez sa. DG Léon Charles se premye fwa mwen wè kot DGPNH ekri otorite jidisyè nan nòt pou laprès pou mande yo sere boulon moun nou arete enjisteman epi nou ba yo dosye. Mwen santi m plis ke gran jodi a DG Léon Charles pou m pa asiste ak jan de enjistis sa yo ankò. Map sèlman mande w pou yon pi bon ankèt sou pasaj mwen nan lapolis la, pase: Malpas, Omega, Sou komisrya Anakawona, Ferye, Karakòl, Ganize, Miragwan, Dèlman, Gonayiv, Vila, CMPAP, Mapou, Ansyen Senatè Antinyo Cheramy nan detachman ak Kenskòf e la wap mye enfòme de pasaj mwen ak ki stil polisye mwen Abelson Gros Nègre te ye. Ou pa bezwen fatige w ankò DG paske mwen chwazi bay tèt mwen jistis pandan premye kri m map fè nan lavi m se mete fen ak vi m e lè sa ou va rejwi ak tout otorite jidisyè yo ki pwouve yo pap bay jistis vre. Mwen se yon egzanp vivan pandan pasaj mwen nan lapolis la, mwen jis santi enjistis la rive twò lwen, fanmi ap soufri twòp akoz enjistis sa e twòp moun medyòk ap akonpanye w nan enjistis wap fè a, donk mwen pa anvi asiste anyen ankò, mwen fin aprann. Si lajistis tap fè travay li, ou se premye moun ki te dwe nan prizon pou masak polisye yo nan Vilaj de Dye, masak ou fè nan Bèlè, masak ou fè nan Dèlma 32, masak nan matisan pou m site sa yo sèlman. Mwen pa bandi, mwen pa gang, mwen pa teworis, mwen pa kriminèl, mwen te sèlman yon polisye revolisyonè ki tap batay pou byennèt tout polisye ak noun nan katye defavorize yo. Si jodi a m ka koubi nan Penitansye se paske peyi m pa gen jistis. Otorite jidisyè yo, mwen swete nou resezi nou pou nou sove peyi a paske pawòl la di: La Justice élève une nation. Pwouve nap aplike lalwa jan sa dwe fèt la san nou pa wè enterè pèsonèl ak fè ti zanmi plezi nan mal oryente jistis la. Nan Penitansye sèlman gen prèske 4000 Prizonye, pa menm gen 400 ki kondane. Kot OPC, RNDDH ak lòt òganizasyon dwa Moun yo? Kòm otorite peyi m te gen plan pou ban m piki anpwazone depi 27 Mas 2021 après arestasyon paske ansanm nou te di mwen pa gen dosye IGPNH, nap sèlman kreye dosye pou m pèdi nan prizon e jodi nou pwouve m nou pap fè peyi vre paske pa gen peyi san Yon jistis fòt, ki endepandan. Mèsi ak tout moun ki tap sipòte e ki te konprann e kont enjistis otorite peyi Dayiti tap fè m nan, mwen gen jis rive Samdi 16 Oktòb 2021 pou m met fen nan lavi m si yo pa gentan ban m piki anpwazone a nan Dispansè Penitansye. Pi gwo konsèy mwen ak tout jèn ki tap swiv mwen kòm yon modèle pozitif, pa lòt ke: Si w ka ankouraje fanmi w ede w ki te Ayiti pa ezite fè l paske pa gen espwa pou nou kèlkeswa jan nou ta chwazi mennen vi nou. Un homme brave doit verser song sang avant de verser de l’eau! Mwen pa yon laj, men mwen jis pa santi m ka kontinye ap soufri pandan m inosan de tout mannigèt DG Léon Charles ak Otorite Jidisyè Peyi m ap kontinye fè m ak fè fanmi m soufri. Kouraj ak ou menm ki chwazi kontinye ap batay e ret viv Ayiti toujou. Mwen fyè e map kontinye fyè de pasaj mwen sou latè nan peyi Dayiti aprè 38 lane 8 mwa. Mèsi leta peyi Dayiti! Bon travèse Sage le grand!Ke Bondye kontinye voye je sou 8 pitit mwen yo!!!La loi est une pour tous!Mwen se yon chwazi!Se moun kap batay ki fè listwa!Je vous aime tous!Yon jou lap jou!Me Abelson Gros Nègre dit: Sage le grand ( Yon polisye angaje, Yon vrè patriyòt)Kite yon mo pou li svp

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button