General

Rezime semèn nan, soti lendi 15 pou rive jou samedi ki te 20 novanm 2021 an

Lendi kite 15 novanm 2021 an, selon yon bilan òganizasyon “STOP ACCIDENT” te bay, yo te fè konnen sòti 8 pou rive 14 novanm 2021 An te genyen Yon total 16 aksidan sikilasyon kite fèt nan divès vil anndan Peyi a. Kote 57 moun te blese avèk 6 lòt te pèdi lavi yo.
Samir Handal kise younn nan moun ki ta enplike nan zak asasina kite fèt sou ansyen presidan Jovenel Moïse la, te jwenn arestasyon l nan Peyi “TURQUIE” nan jounen lendi kite 15 novanm 2021 an.
Atravè yon nòt pou la près, “ORDEDH” kise yon òganizasyon kap batay pou defann dwa moun, te eksprime enkyetid yo pou fason pri pwodwi premye nesesite yo ap ogmante nan peyi a. Nan sans sa yo te egzije otorite gouvènmantal yo pou pran tout mezi ki nesesè, nan lide pou pote Yon repons favorab ak kriz sa ki rive frape tout kouch nan sosyete a.
Nan aprè midi 15 novanm nan, yon bato kite genyen 2 712 800 galon gazolinn te rive nan tèminal vare a, daprè enfòmasyon kite ekri sou kont Twitè tèminal la.
Nan maten madi 16 novanm 2021 an, yon gwo dife te eklate nan yon ponp gaz ki twouve l nan zònn klèsinn tou prè ayewopò Guy Malary a, pandan Yon gaz tap distribiye, Plizyè machinn ak moto te pase anba dife.
Premye minis Ariel Henry akonpanye avèk minis jistis la, Litzs Quitel te vizite kòmandan an chèf polis la, Frantz ELBE, nan lokal Direksyon Jeneral Polis la.
Pandan vizit Sa, Pm Ariel te pwofite felisite tout polisye yo, pou angajman yo pran pou sèvi ak pwoteje popilasyon an.
Daprè yon nòt kite sòti nan dat 16 novanm 2021 an, ministè komès ak endistri te enfòme tout ponp gaz ak tout konsomatè yo, apati dat 17 novanm lan, li fòmèlman entèdi pou vann pwodwi petwolye yo nan galon. Selon responsab ministè a desizyon sa pran nan lide pou fasilite distribisyon gaz la nan tout Peyi a san pwoblèm.
Mèkredi kite 17 novanm 2021 an, yon pwòch atis Michel Joseph Martelly te demanti tout rimè kite fè kwè ansyen chef leta a ta malad.
Selon yon nòt kite soti nan dat 17 novanm 2021 an, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl te anonse tout direktè depatman yo, enspektè, direktè lekòl , ak tout paran yo frè egzamen nevyèm ane fondamantal yo fikse avèk 1000 goud.
Nan jounen mèkredi 17 novanm lan, pòt pawòl enstitisyon polisyè a, Gary Desrosiers, te fè konnen nan yon konferans pou Laprès soti nan dat 21 oktòb pou rive 17 novanm 2021 an PNH la te rive mete anba kòd 760 endividi nan tout Peyi a pou vyòl, anlèvman, detansyon zam ilegal, trafik estipefyan ak asosyasyon malfektè.
Premye minis Ariel Henry akonpanye avèk divès manb nan gouvènman an te prezan nan MUPHANA, jou jedi kite 18 novanm 2021 an, nan objektif pou te selebre 218èm lane batay vètyè a kite fèt nan lane 1803.
Pm Ariel te pwofite okazyon an pou l te lanse yon apèl kont kidnapinn ak ensekirite kap fè raj nan Peyi a.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Check Also
Close
Back to top button