General

REZIME AKTYALITE SEMÈN NAN, SOTI LENDI 22 POU RIVE SAMDI KITE 27 NOVANM 2021 AN

Jou lendi kite 22 novanm 2021 an, plizyè dizènn jènn estajyè ki fè pati Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te manifeste devan biwo Minis Edikasyon an, Madam Marie Lucie Jospeh, nan lide pou te egzije entegrasyon yo nan sistèm edikatif ayisyen an. Nap raple’w jènn Sa yo diplome nan Lekòl Nòmal Siperyè.
Daprè yon bilan òganizasyon “STOP ACCIDENT” te bay jou lendi kite 22 novanm lan, yo te fè konnen sòti nan dat 15 pou rive 21 novanm lan te genyen yon total 29 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan divès wout anndan Peyi a. Kote 73 moun te blese avèk 13 lòt te pèdi lavi yo.
Madi 23 novanm lan, “OPC” te pibliye rezilta sinkyèm edisyon konkou tèx ak repòtaj sou dwa moun lan,se jounalis Radyo Vizyon 2000 la, Michelot Exavier, ki te genyen premye pri a,Marvens avèk Médé Junior te fini dezyèm ak twazyèm.
Konkou sa te fèt nan objektif pou te pèmèt tout kandida yo konnen valè dwa moun.
Nan jounen madi 23 novanm lan, Kòmandan an chèf polis Nasyonal la,Frantz ELBE, te òganize premye gran reyinyon kòmandan elaji li avèk plizyè lòt antite anndan PNH la, nan objektif pou te analize sitiyasyon sekirite Peyi a epi mete Yon plan sekirite sou plas pou fèt fen ane yo.
Selon Yon nòt kite parèt nan dat 23 novanm 2021 an, Direksyon Fòmasyon ak pèfeksyonnman nan syans lasante Ministè Sante piblik ak popilasyon an te enfòme tout kandida yo rezilta sesyon Ekstraòdinè egzamen Leta yo kite fèt nan dat 12 septanm pase a, deja disponib.
Daprè sa minis ekonomi ak finans lan, Michel Patrick Boisvert, te fè konnen, Leta ayisyen pèdi plis pase 30 milya goud nan ane fiskal 2020-2021 an, nan sibvansyon pwodwi petwolye yo.
Mèkredi kite 24 novanm 2021 an, Direktè Jeneral polis la, Frantz ELBE, te chita pale avèk plizyè pwopriyetè otèl epi kèk operatè touris nan kominn ”Montrouis”, nan objektif pou te gade kòman yo kapab relanse aktivite touristik yo nan rejyon sa. Nap raple’w majistra kominn lan te prezan nan rankont sa.
Aprè plizyè semènn negosiyasyon avèk divès Pati politik nan opozisyon an, ak plizyè òganizasyon ki fè pati sosyete sivil la nan lide pou te jwenn Yon sòti kriz menm jan akò 11 septanm lan te vle l, nan jounen mèkredi 24 novanm lan, Premye Minis Ariel Henry te efektye yon chanjman nan gouvènman an kote 9 nouvo minis te pran envestiti nan rezidans ofisyèl Primati a.
Aprè divès diskisyon kite genyen nan antre Palè Nasyonal la jou jedi 25 novanm lan, nouvo minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Berto Dorcé te enstale Mèt Josué Pierre Louis kòm nouvo sekretè jeneral Palè Nasyonal.
Nap raple w se Lionel Valbrun kite nan pòs sa.
6 bandi te jwenn arestasyon yo jou vandredi kite 26 novanm lan, pandan yo ta l brake yon bank nan vil okap. Nap raplew depi nouvo direktè Jeneral Polis la Frantz Elbé moute nan tèt enstitisyon sa, Popilasyon an rale yon ti souf anba kriminèl.
Nan jounen vandredi 26 novanm lan, Lapolis kominotè Lwès te lanse 3èm edisyon konkou Ki gen pou non “Jèn yo se avni peyi a”. Divès pèsonalite nan kominn Dèlma ak Nasyonzini te fè deplasman pou asiste ak deroulman aktivite Sa.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Check Also
Close
Back to top button