Breaking NewsSports

Inter Miami genyen difisilman San Messi

Viktwa 3 gol a 2 an fanvè inter Miami. Malgre absans Leonel Messi , Davd Ruiz epi Martinez nan match inter Miami vs Kansas city nan pink stadium lan.

Ekip chè a David Berkam lan kontinye ak seyans de vikvwa yo. Andeplasman ekip Kansas city a te jwenn ouvèti skò a depi nan 11minit pa Daniel Salloi apre yon gwo frap ki te repouse pa golkipè Callender, konsa balon saa te al jwenn Salloi ki tap al finalizel kom gòl.

Roz e nwa yo pat vle aksepte 1 a 0 devan gran piblik yo,Avek yon Farias ki te vreman pwisan Ann Dan teren an tap pouse ekip Kansas city a .

Konsa inter Miami tap benefisye yon penalty transfòme angol pa Leonardo Campania nan 25è minit match la .

Avan menm yo rantre nan vesyè a nan 45e minit match la , aprè yon bel sant realize pa kapitèn Yedlin ekip Tata matino a tap pran avantaj la pa menm Leonardo Campania sou yon kout tèt. 2 a 1

Soti nan vesyè a pink stadium lan te vreman chofe ak sipòtè inter Miami yo ki tap mete plezi, ekip la tap jwenn yon 3e gol aprè yon fot ekip inter Miami an te ale trè vit ak Farias . Konsa se te 3 a 1 pou ekip roz e nwa a nan 60minit match la.

18 mint pita apre 4e gol match la ki se 3e gol pou ekip Miami an. Vizitè yo tap jwenn okazion pou yo make yon 2e gol aprè yon mezantant nan ban defans inter a. Gol ki make pa pulido nan 78minit nan match la.

Malgre ekip Kansas la fè tout rès match la ap bay advèsè a presyon , match la tap pral fini ak 5 gol ladanl. 3 bò kote inter Miami epi 2 pou Kansas city.

Yon viktwa difisilman reyisi pou ekip inter a san messi lakay yo .

 

SNT mye cade zache ( cz)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button