Politics

Rezime tout nouvèl kite pase pandan semèn nan San retire, San mete

Lendi kite 5 oktòb la, Premye minis Ariel Henry te patisipe nan lansman antre ofisyèl ane jidisyè 2020-2021 an kite fèt nan Lakou Siperyè Pouvwa Jidisyè a. Pm Ariel te pwofite okazyon an pou l te mande ak tout aktè yo fè travay yo pou nou genyen yon sosyete kote tout moun gen menm dwa ak devwa.

Selon sa responsab òganizasyon Stòp aksidan yo te fè konnen, sòti nan dat 27 septanm pou rive 3 oktòb la te genyen 20 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan zòn : Pegi Vil, Leyogan, Tapyon, Kafou Turenne (Gonayiv), Boudon, Mòn kabrit, Taba, Wanament, Dèlma 48 avèk Sent Filomèn. Toujou nan kad aksidan sa yo, 61 moun te blese ak 17 lòt te pèdi lavi yo.

Nan objektif pou di non avèk fenomèn ensekirite a kap frape fò nan peyi a, lendi kite 4 oktòb la, plizyè òganizasyon ak gwoup sendika te lanse yon jounen grèv ki pat vrèman respekte daprè konsta nou menm Staff Exodenews la te fè.

Imigran ayisyen yo pa janm sispann jwenn pwoblèm divès kote yo pase, akòz sitiyasyon yo ki pa regilye, nan espas sèlman yon mwa peyi Sen Demeng voye tounen plis pase 7000 ayisyen ki pa gen papye nan peyi a. San nou pa bliye nan jou pase yo peyi Blan Meriken te depòte plizyè santèn ayisyen kite twouve yo anba yon pon nan vil Texas.

Madi kite 5 oktòb 2021 an, Premye minis Ariel Henry te inogire batiman lekòl nasyonal Jovenel Moise de Fonds-des-Nègres la ki twouve l nan depatman Nip peyi a. Doktè Ariel Henry te pwofite okazsyon sa, pou l te salye volonte avèk detèminasayon ansyen prezidan Jovenel Moise te genyen pou l te konstwi lekòl sa.

Nan okazyon jounen mondyal anseyan yo, ki selebre chak 5 oktòb, pou te rann omaj ak tout anseyan yo. Inyon nòmalyen ak nomalyènn ayisyen yo ki gen nan tèt li pwofesè Josué Merilien, te plede pou yon pi bon kondisyon travay pou tout moun ki twouve yo nan domèn sa.

Yon ti tan aprè direktè jeneral polis la te pase lòd pou retire tout polisye ki afekte nan sèvis sekirite majistra Jean Wilner Morin avèk Ikenson Edumé, Asosiyasyon pwofesyonèl Majistra yo (APM) ansanm ak Asosiyasyon Jij pou Lapè ayisyen yo te denonse aksyon sa nan yon nòt pou laprès.

Doktè Rony Gilot kite fèt nan lane 1941 nan vil Grangozye, te rive pèdi lavi l mèkredi kite 6 oktòb la, aprè plizyè jou li te fè etène nan lopital Sen Luc, selon sa pwòch li yo te fè Laprès konnen.

Mèkredi kite 6 oktòb la, Jij Gary Orelien kap trete dosye asasina Jovenel Moise la depi plizyè semèn, te tande Madanm ansyen Chèf leta a, Martine Moise pou plis pase 3zèd tan nan pakè Pòtoprens.
Ansyèn premyè Dam nan te tou pwofite depoze yon plent kont premye minis Ariel Henry avèk plizyè lòt moun ki akize nan dosye asasina mari li a.

Nan yon nòt pou Laprès, Direksyon Jeneral Polis la te mete deyò jou jedi kite 7 oktòb 2021 an, Yo te fè konnen, depi 3 dènye mwa nan lane 2019 la, Pòtoprens ak kèk lòt zòn ap viv sou gwo menas yon òganizasyon teworis ki rele tèt yo (Fantom 509), kap simen latwoublay epi fè tèt yo pase kòm avoka koz polisye yo atravè sendika SPNH-17 la, toujou selon nòt sa, Direksyon jeneral polis la fè konnen divès manda te deja lanse kont tout moun ki fè pati de asosyasyon malfektè sa nan objektif pou trennen yo devan lajistis.
Pou fini Wo kòmandman polis la mande Popilasyon an pou li kolabore ak yo nan lide pou Tout Endividi ki fè pati de group kriminèl sa pa alèz nan vil la pou yo fonksyone.

Vandredi kite 8 oktob 2021 an, Lapolis te prezante yon bilan pasyèl sou divès operasyon yo te tanmen sòti nan dat premye pou rive 7 oktòb la, yo te fè konnen 27 operasyon te reyalize nan tout peyi a, 825 moun te arete pou vòl, vyòl ak asosyasyon malfektè. 29 zam te sezi, yo te konfiske 150 veyikil, anviwon 20 endividi te stope nan echanj kout bal ak lapolis, 5.25 kilogram kokayinn ak 249, 91 kilogram marigwana te sezi. Pou fini lapolis fè konnen, yo te akonpanye anviwon 354 sitènn gaz sòti depi nan santral gaz la pou ale distribriye bay plizyè ponp nan kapital la.

Jou samdi kite 9 oktòb la, Premye minis Ariel Henry te diskite avèk anbasadris peyi blan meriken an, kise Michel Sison sou divès pwen ki vrèman enpòtan pou avansman peyi a. Nap raple’w madam Sison nan fen misyon li nan peyi a, li te reprezante diplomasi Etazini an Ayiti depi nan lane 2018.

SAINT LOUIS DU NORD TV LA POUL ENFÒMEW

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button